Souple tann...

Nouvèl

Byenveni nan paj Nouvèl Kayifi a. Nan paj sa a, ou pral jwenn anons, Ajan nan mwa a, vebinèr kap vini yo, rekonesans nan mwa a pou peyi yo, ak nouvo ajan ke nou akeyi.

Kayifi Nouvèl

okt 2022

 

Ak kisa Vakans nan Sent Lisi Sanble? 

Eske w ap chèche yon vwayaj twopikal pafè? Anvizaje vakans nan Sent Lisi, jwayo chaman sa ki kache, chaje avanti eblouyisan nan Karayib la. Plis moun kontinye ap konnen zile paradizyak sa chak jou e vizitè yo retounnen lakay yo kontan pou bon eksperyans yo sot viv. 

Nan Sent Lisi genyen 2 gwo pik vòlkanik, yon peyizaj likziryant ak rivaj trankil. Isit la, genyen yon bagay pou chak vizitè : plonje anba lanmè, gade chit dlo, benyen nan sous cho terapetik epi eksplore istwa zile a ki rich anpil. 

Kontinye li pou dekouvri kisa savle di pae vakans nan Sent-Lisi. 

Kiyès ki ta dwe pase Vakans nan Sent-Lisi? 

Sent-Lisi se destinasyon twopikal ideyal pou tout kalite moun. Fanmiy yo gen souvni de bèl pwomnad, ekskisyon pasyonan ke yo ofri sou zile a. Gwoup jèn vwayajè yo ak sila ki rennmen adrenalin pral amize yo anpil nan Sent-Lisi. Epi moun damoun kap chèche kote womantik ap pwofite de payizaj sezisan ak eksperyans ki rapwoche yo. 

Konsa, menm si w ap vwayaje ak jèn timoun, menaj ou oubyen gwoup timoun, vakans nan Sent-Lisi pap desevwa w. 

Ki meyè peryòd pou ale nan vakans nan Sent-Lisi? 

Pandan tout ane a, abitan ak touris yo pwofite bon tan cho ak tanperati mwayen ki soti nan 70 a 80 degre. Chaje konnen kilè pou rezève vakans twopikal nan Sent-Lisi pra l depann desa ke w pral fè. 

Pou evite sezon lapli nan Karayib, ou ta dwe fè vwayaj la ant desanm a me. Sepandan, pou asiste a kèk festival ki pi selèb yo, sezon prentan se moman ideyal pou rezève  vwayaj la. Moman lete chaje touris ak aktivite. Meyè moman pou vizite depann de wou ! 

Aktivite nan Sent-Lisi 

Vakans nan Sent-Lisi ofri bèl ekperyans dekontrakte ak avanti palpitan ! kontinye li pou wè kisa vwayajè renmen apre yo fin vizite jwayo sa nan Karayib la. 

1 | Randone nan Pitons 

De gwo montay yo nan Sent-Lisi ofri yon bèl spektak. Alòs ke anpil vizitè renmen admire bote sa de lwen, randone ou plonje otou de Piton yo se yon eksperyans ke amoure lanati yo pap vle manke. 

Gwo Piton an kanpe byen wo, ak somè li ki rive jis nan 2 618 pye nan lesyèl. Dezyèm somè a, Ti Piton, yon tijan piba li mezire 2 460 pye. Wòch yo rich ak listwa e yo fòme a anviwon 250 000 lane pa aktivite vòlkanik. Randone a difisil e li rekòmande pou se moun ki gen anpil eksperyans ki fè l. Sepandan, menm plonjè debitan yo ka eksplore falèz, anba lanmè ak gwo mòn. 

2 | Eksplore anba lanmè 

Yon bagay pou w pa manke pandan vakans nan Sent-Lisi se eksplore anba lanmè. Plonje nan dlo kristal epi rankontre lavi remakab anba lanmè zile a. Genyen anpil sit plonje ak snoekelin ki aksesib pou debitan tankou pou sila ki déjà konfime yo. 

Kite nou siprann ou ak resif koralyen vibran, falèz ak kavèn akwatik. Naje pami pwason grenouy, pèwokè, woujè, zangi ak menm barakouda ! 

Men m si w ap vwayaje ak yon jèn fanmi, antan ke koup jèn marye oubyen ak zanmi, eksperyans plonje nan Sent-Lisi ap tounen souvni ke w ap renmen pou tout lavi. 

3 | Vizit vilaj kolore la Soufrière 

A anviwon inè de kapital Sent-Lisi, nou jwenn chaman vilaj pechè Soufriyè, ligne yon listwa ki rich. Batiman yo akote plaj trankil kolore api chaje ak karaktè ki ekri sou yo. Isit la w ap jwenn yon bèl wi enkwayab sou de Piton yo sou zile a. 

Sa fè lontan Soufrière sete kapital ki pi anime sou zile a. Pandan vakans nan Sent-Lisi, pase yonn ou de jou pou eksplore vilaj pitorèsk pechè sa yo epi vizite atraksyon ki tou pre yo. 

4 | Kondi atravè yon vòlkan 

Yo konnen mòn La Soufrière tou sou non Sulphur Springs Park. Pak la pote non souf ke yo konn pran la nan tan lontan. W ap kòmanse santi odè souf la depi w tou pre. Wout la an ekilib sou bò kratè masif la, sa k ap pèmèt ou travèse vòlkan an. 

Dènye eripsyon vòlkan an remonte a 40 000 lane. Epoutan li toujou ap vomi souf nan syèl la a fè flak dlo ki nan zòn nan bouyi. Fè yon gade mèvèy sa yo natirèl sa yo anlè tou obsèvasyon yo. ansuit, vlope kò w ak labou vòlkanik rich , k ap geri blese epi al rense kò w nan dlo sous yo. 

5 | Avanti plen aksyon 

Vakans nan Sent-Lisi kapab yon eskapab rilaksan e dekontrakte. Sepandan, zile a ap koche tout kaz moun k ap chèche avanti- rele tout sila yo k ap chèche adrenalin ! 

Me kèk egzanp sansasyon fò k ap tann ou nan Sent-Lisi : 

  • Yon tiwolyèn a travè forè twopikal la se yonn nan eksperyans ki pi apresye sou zile a. Timoun ak granmoun yo renmen glise pami gwo pye bwa nan forè a.
  • Pou timoun yo, fè yon vire nan pak akwatik Splash Island. Sitiye sou plaj Redwi sou kot Nòdwès la, se premye pak spò notik nan Karayib la ki chaje ak defi ak anpil lòt bagay.
  • Rezève yon ekskisyon a cheval e pwonmennen sou bèl plaj tandiske briz sale a ap soufle nan cheve w.

6 | Pwofite de solèy la 

Pou fini, pa bliye detann ou nan solèy sou yonn nan bèl plaj mayifik nan Sent-Lisi. Me Kèk kote ki pi popilè pou detann e pwofite eksperyans zile yo nan Karayib la: 

  • Bè nwa koko
  • Rodney
  • Bè Marigo
  • Plaj redui

SOUS: Planetware.com, Travel.usnews.com, Travelingmom.com 

out 2022

Saba

Konnen plis sou Saba 

Chamant zile sa ki rele Saba a pa mezire plis pase senk maylz kare e li jwenn li o nò zile soulevan yo. Li fè pati de zile BES yoansanm ak Bonè ak Sen Estach. 

Tou moun konnen Saba sou non "rèn entak" an rezon de nati li ki entak ak fason yo viv ki ansyen. Kontrèman a anpil lèt nasyon nan Karayib kote toutris anvayi, Saba gen yon fason enkwayab ke l akeyi vizitè san deranje bote natirèl ak kilti tradisyonèl li. 

Isit la w pap jwenn plaj, anpil moun, kazino oubyen bato kwazyè. Bèl Zile sa atire anpil vwayajè nan lemond antye ak yon gou inik pou ti vilaj li yo, ti kay prive, abitan senpatik ak vi remakab sou tè yo ki byen konsève. 

Istwa Saba 

Premeye kolon Saba yo se te Ciboney, yon gwoup chasè pasifik. Yon tribi Arawak ki te soti nan Amerik disid te abite zile a nan kòmansman listwa l, ansanm ak nan Karayib la. 

Nan 1443, Kristòf Kolon te navige tou pre ti zile sa. Pa t genyen kote pou te ateri. Men sa pa t anpeche peyi Lespay di se pou li e l te rete pou Espay pandan 150 lane. Fransè yo rive, vin gen yon peryòd kawotik, kote Saba ap balanse ant  lawoland, espay, angle ak franse pandan 200 lane. 

Rive nan mitan lane 1800 yo, se nan moman sa Lawoland vin revandike saba. Pandan tan sa. Yo fè Afriekn yo tounen esklav pou travay tè. Saba te vin yonn nan kote yo te aboli esklavaj. 

Zile a te chaje pechè ak maren. Saba te vin gen ti non jwèt zile fanm akoz ke se sèl medam yo ki konn rete sou zele a lè mesye yo pati al lapèch. Sa ki vin fè medam yo djanm e ka pran swen tèt yo. 

Nan mitan 20yèm syèk la abitan Saba yo vin dekouvri kijan yo ka navige sou teren difisil yo epi vin rann transpò a pi aksesib. Sa ki viin fè yo konstwi yo ayewopò nan Saba byen rapid an 1963. E anvan lontan touris la pral posib. Nan fena ne 80 yo, endistri touristik la te kòmanse ap pwospere, sa ki te pote bon ti lajan nan pòch abitan yo. 

Nan lane 2010, Saba vin tounen yon minisipalite Wayòm Peyi-Ba, ansanm ak zile vwazen yo kise Sen Estach ak Bonè. 

Kilti nan Saba 

Abitan senpatik yo ki rete sou zile a soti an ewop ou an afrik, se yo ki enfliyanse kilti a kif è l inik konsa. Gen yon ti enfliyan ameriken tou akoz ameriken ap vin rete sou zile a epi fè touris. Kilti tradisyonèl la pi popilè, malgre anpil lòt moun ki kontinye ap vini sou zile a. 

Veritab esans zile a kenbe gras a atizana ki la depi lontan, tankou selèb dantèl Saba, ansanm ak evènman ak fèstival kiltirèl, tankou kanaval nan mwa jiyè. 

Sou zile a, restoran familyal yo pwopoze pla yo ki pi popilè nan Saba, tankou soup kalalou, labapen ak kabrit. Selon sa moun nan mande a, yo toujou kalifye kòm pla nansyonal bon ti vyann kabrit ak peti pwa ak diri.  

 

SOUS: Iexplore.com, Wikipedia.org, Sabatourism.com 

mas 2022

Kayifi Outreach ap vini nan yon tan ki pa two lwen! Nan Kayifi, nou rekonèt enpòtans jèn Karayib la kòm yon poto mitan nan lavni zile yo. Nou kontan prezante yon nouvo pwogram: Kayifi Outreach, ki vize a bay jèn Karayib yo konesans, resous, ak zouti entegral nan siksè yo. Tcheke lyen sa yo pou plis enfòmasyon!

Byenvini nan Kayifi Outreach! (blὸg)

Entwodiksyon Videyo (gen ladan fòm enskripsyon)

Gwoup Facebook

out 2021

Bὸn nouvèl pou tout moun! Nou toujou ap chèche lὸt fason pou amelyore Kayifi epi kenbe anons yo a jou ! Pou tout achtè ak lokatè, nou vle ke w jwenn sa ke w ap chèche a.

 Pou tout vandè, ajan imobilye, koutye ak pwopriyetè, nou swete ke w jwenn anpil moun mande enfὸmasyon sou anons ke w fè yo. Tanpri modifye pwopriyete ki te la deja yo pou bay yon lide pi klè sou dat ke kontra vant oubyen lokasyon an ap ekspire, menm si se yon kontra ekri ou vèbal. Lè w ap mete yon lὸt pwopriyete, toujou mete dat la tou. Yon fason otomatik, tout pwopriyete yo ap ekspire nan 120 jou ki swiv dat li pibliye a. Men ou pa bezwen enkyete w, w ap resevwa yon notifikasyon pa imèl yon semèn anvan dat ekspirasyon an, w ap gen aksè byen fasil pou mete l a jou.

Ann rete a jou ! Kayifi se koneksyon w nan Karayib la!

avr 2021

Kòm ou ka remake, nou te chanje Layout la nan paj dakèy nou yo ak fonctionnalités nan rechèch pwopriyete nou yo fè jwenn pafè kay Karayib ou menm pi fasil! Si ou gen nenpòt pwoblèm, kesyon, oswa fidbak sou gade nan nouvo, klike isit la kontakte nou. Mèsi paske ou itilize Kayifi!

mas 2021

Ap Vini Nan Yon Ti Tan ! Kayifi lokasyon pandan vakans. Mete nan lis la pwopwiyete vakans ou gen pou lwe pou yon ti bout tan. Kontakte nou pou plis detay e pou w mete ajou!

Leson patikilye Section

We have added tutorials to our Youtube page, to find out how to register, how to upload profile and property pictures click the link below https://www.youtube.com/channel/UCu8TgI-NstRIS0ehKlby2Bg

Nouvèl Karayib la

Protecting Marine Life in the Caribbean Seas 

Protecting marine life in the Caribbean seas and the oceans surrounding us is a job for everyone on Earth. The health of the oceans around us is linked directly to the health of our planet and all life that lives on Earth. 

According to the 2019 report led by the World Bank on Marine Pollution in the Caribbean: Not a Minute to Waste, 80% of marine pollution in the Caribbean Sea results from “direct or indirect discharge of solids and liquids from land-based sources such as rivers, outfalls, waterways, agricultural runoff, and infrastructure.” This means that over three-quarters of the contamination that the Caribbean Sea has endured is due to the human population. 

So how do we fix this and protect marine life in the Caribbean seas? 

Sustainable Development Goals 

Although the Caribbean sea is relatively small, it holds a lot of responsibility for the health of the territory around it. The sea creates jobs for fisheries, brings in tourism which is 20% of the islands' income, and provides food for the islands and surrounding countries. 

With the support of The Nature Conservancy, Barbados is pursuing the development of a marine spatial plan, also known as MSP. So far, the goal is the agreement to establish conservation zones. 

Although the specific percentages still need to be worked out, the aspiration goal of 30% of the EEZ has already been codified into the plan, according to Kirk Humphrey, who leads the Barbados Ministry of Maritime Affairs and the Blue Economy. 

United Nations Environment 

Due to the increasing amount of coastal development, access to nutrients, untreated wastewater, marine litter, and pollution or threats, the EPA helped shape the US government's positions on working out issues with international marine pollution. 

One of the EPA's jobs is to reduce marine pollution in all the ways they can. The EPA is working with governments in the Caribbean and Latin America. They plan to help develop a national action plan for the litter found in the Caribbean Sea. 

They also work with the state department and National Oceanic and atmospheric administration (NOAA) to achieve obligations under the Cartagena Convention. They focus on reducing the sources of pollution that come from the land, and they also work to protect biodiversity through protected wildlife areas and particular protocols. 

CITED: www.unep.org, www.pewtrusts.org, www.epa.gov 

Gade plis atik

Rekonesans Karayib la

Zile Vyèj Ameriken yo.

Konnen plis bagay sou zile Vyèj ameriken yo. 

Zile Vyèj ameriken yo ofisyèlman rekoni sou non zile Vyèj Etazini. Se yon gwoup zile nan Karayib la ki konsidere tankou teritwa peyi Etazini e ki twouve yo nan zile kote anpil van ap vante. Prensipal zile ki fè pati gwoup zile sa yo se : Senkwa, Senjan avèk Sentoma. Sepandan, gen 50 ti zile ak kay siplemantè ki antoure yo. 

Isi a, genyen kèk dlo ki gen koulè jwayo, yon fón ki ra avèk kèk rezidan ki konn akeyi moun byen ak yon souri ki kontajye. Avanti san bout yo kòmanse nan kèk ekskisyon nan kayak ak eksplorasyon anba lanmè nan sit istorik ki fasinan, ak detant sou kèk plaj imakile. 

Istwa sou zile Vyèj ameriken yo 

Premye gwoup moun ki t ap viv sou zile Vyèj ameriken yo se te Karayibeyen, Sibone avèk Arawak. Tankou laplipa nan kèk zile nan Karayib la, otoktòn yo te vin disparèt kèk ane apre Kristòf Kolon te vizite zile a nan ane 1493. Sepandan, Kristòf Kolon a avèk ekipaj li a pa te sèl responsab nan disparisyon tribi pasifik e kalifye sa yo. Angletè, Lafrans, Dánmak avèk Oland, te tante tou pou yo okipe zile sa yo. 

Jis rive nan ane 1733, Fransè te revandike zile Senkwa avèk anpil siskè apre yo te vin depase ansyen abitan yo ki se te Espanyòl. Senjan ak Sentoma  te tonbe anba kolonizasyon peyi Dánmak. Yo te pwospere nan agrikilti plantasyon nan ane 1600 yo ak nan kòmansman ane 1700 yo. Finalman, Danwa te rive achte twazyèm zile a nan men Lafrans, e yo te rekonèt zòn sa sou Antiy Danwa. 

Yo te fòse esklav yo pou yo te travay pandan kèk long e epwizan jounen nan plantasyon yo. Plizyè milye esklav te rive jwenn liberasyon yo pandan rebelyon Senkwa a, men pifò te rete nan plantasyon kolon yo. Alafen, esklavaj la te rive aboli nan ane 1848. Nan vire won sa nan istwa zile yo, sa te vin koz yon efondreman nan sektè ekonomik la. Ane ki vini apre yo te yon peryòd vrèman difisil pou abitan zile sa yo, ki te karakterize ak plizyè katastwòf natirèl devastatè ak yon ekonomi ki nan difikilte. 

Nan ane 1917, Etazini te achte Senkwa, Senjan ak Sentoma, ki te vin tounen zile Vyèj ameriken oubyen Etazini. Etazini te amelyore ekonomi an ki t ap plonje lè yo etabli yon endistri touris, ki pa t difisil sitou avèk tout sa zile yo ka ofri vizitè yo. Jodi a, zile Vyèj ameriken rekonèt nan tout mond la kòm yon destinasyon ki selèb pou moun al pase vakans. 

Kilti a nan zile Vyèj ameriken yo. 

Kilti inik la nan zile Vyèj ameriken yo, se yon bèl melanj koutim, evènman, kèk valè ak eleman atistik karibeyen ak ameriken. Tankou, mizik ou ka tande nan restoran yo ak nan kèk lòt etablisman ka soti nan rege, pase nan kalypso rive nan blouz pou w al tonbe nan pòp ameriken. 

Abitan senpatik nan zile Vyèj ameriken yo, prensipalman soti nan kontinan Afriken avèk Ewopeyen. Sepandan, w ap remake byen prezans ameriken nan mitan popilasyon divèsifye sa, w ap jwenn Ispanik tou avèk kèk moun ki soti nan Ewop modèn nan. Laplipa, nan rezidan yo pale, ekri anglè, se sèlman nan lèkti yo genyen yon aksan ki distenge yo. 

Yon pati ki enpòtan nan kilti zile Vyèj ameriken yo, se nan fason yo devwe pou kèk relijyon, tankou Krisyanis, Batis ak Katolik. Men yo melanje tou kèk valè tradisyonèl nan Karayib avèk pratik yo, tankou sipèstisyon avèk istwa ki travèse plizyè jenerasyon. 

Kwizin zile sa yo plis chita sou fwi ki soti nan lanmè, tankou anpil lòt kote nan Karayib la. Si w fè yon vwayaj nan destinasyon mayifik sa, goute nouriti nasyonal la, ki se pwason ak chanpiyon. Konbinezon inik aliman sa soti depi lè peyi Dánmak t ap dirije zile sa yo. Kèk gwo mose pwason konn sèvi ak kèk bèl boulèt ki fèt avèk semoul mayi sale, chòtnin avèk dlo. Se yon avanti kilinè w p ap ka bliye konsa konsa. 

 

SOUS: Wikipedia.org, Visitusvi.com, Vinow.com 

Sunni Baerwalde

Written by: Sunni Baerwalde